EDE BIZNIS DEMARE AK DEVLOPE NAN INDIANA

MatchBOX Studios pote pou kominote ayisyèn Gran Lafayette la yon kou entansif k ap dire 7 semèn. Li vize ouvè plis pòt epi ankadre fiti antreprenè oubyen antreprenè aktyèl, ak pwopriyetè ti biznis. Kourikoulòm ak ansèyman an ap fèt totalman nan lang kreyòl. Kou sa ki ta dwe koute chak patisipan anviwon $5,000, ap fèt gratis pou kandida ki seleksyone yo. Se gras ak sipò LARA Educational Opportunities, MatchBOX Studios epi Indiana Economic Development Corporation. 

Kou a gen ladan rankont chak semèn ak lòt antreprenè lokal ak sipòte demaraj osnon devlopman biznis [patisipan] yo. Kou a ap fèt alafwa sou plas e anliy.

ORÈ 7 SEMÈN KOU A 

  • Entwodiksyon, Prezantasyon Rapid ak Kilti Antrepriz 

  • Tèks Mesaj/SMS ak Pwodui ki Gen Valè

  • Bezwen Kliyan ak Bezwen Mache 

  • Dimansyon ak Estrateji Mache

  • Lavant, Konpetisyon ak Estrateji Antrepriz 

  • Ekip, Lòt Etap ak Planifikasyon Prezantasyon 

  • Prezantasyon Gwoup an prezans Gid ak Kotch


 

ENVESTISMAN AN

KOU A TOTALMAN GRATIS MEN L MANDE TAN AK TRAVAY.

Patisipe nan kou Entansif MatchBOX yo pa bezwen ankenn kontribisyon finansyè. Angajman nou se mete disponib resous edikatif pou antreprenè yo epi ankadre yo. Nou kwè nan devlope yon anviwònman aprantisaj k ap benefik alafwa pou antreprenè yo ak nou, kote patisipan yo gen kontwòl biznis yo pandan e apre kou entanfisif la. 

Kou a ap fèt chak semèn pandan 90 minit nan MatchBOX Studios. Apre chak kou, patisipan yo ap bezwen plis pase twazèdtan pou devwa. Setyèm semèn nan ap yon aktivite pou patisipan yo prezante dyaporama yo te kreye pandan kou a ansanm ak lòt gradye e manm yo.

AVANTAJ YO

KOU ENTANSIF MBXAX LA GENYEN LADAN L

  • Sis semèn kourikoulòm pou ede w lanse osnon devlope biznis ou

  • Yon lane abònman kòm manm nan MatchBOX Coworking Studio nan Lafayette, Ind (abònman sa vo: $999)

  • Aksè gratis nan biwo pwofesyonèl k ap sipòte biznis nan Gran Lafayette

  • Aksè pou rankontre ekip MatchBOX la, esponnsò yo, ak gid pou ede w devlope lide, estrateji epi kotchin

  • Ou bezwen nan Indiana pou kou sa a.


APLIKASYON YO OUVÈ JISKAKE PWOMOSYON AN PLEN 

Kou a ka pran jiska 12 patisipan. Soumisyon aplikasyon an pa garanti patisipasyon w nan kou a. Antreprenè ki aksepte yo ap resevwa yon imèl ak yon tèks mesaj apre komite a fin revize tout kandidati yo.